Fowem Kreyol LeCorde
Pi Gwo Bato Kwazyè Nan Lemond la Jete Lank Nan Nò Ayiti
Daprè youn atik sou pajwèb Lavwadlamerik 03 Desanm, 2009:
NWÈL AYÈ NWÈL JODI
NWÈL AYÈ NWÈL JODI
(Yvrose Lubérisse)
I
Yo di, Nwèl pote lajwa ak kè kontan
Yo di, Nwèl se kè poze, se fèt renmen
Men wi, te genyen  lajwa lè se fèt Nwèl
Sonje, sonje, sonje
Jan nou te fete
Nwèl Ayiti
Sonje abdenwèl
Limyè tout koulè
Gato ak kado
Refren 1
Nwèl la te gen gou o
Nwèl la te tankou
Yon basen lanmou
Nwèl la te gen gou o
Nwèl la te tankou
Yon basen lanmou
II
Yo di, Nwèl se tèt ansanm, se men nan men
Yo di, Nwèl se latandrès, Nwèl se linyon
Men wi, nou te kole zepòl
Lè se fèt Nwèl
Sonje, sonje, sonje
Jan nou te fete
Nwèl Ayiti
Sonje pate cho
Sonje reveyon
Ala kè n te cho
Refren I
Nwèl la te gen gou o
Nwèl la te tankou
Yon basen lanmou
Nwèl la te gen gou o
Nwèl la te tankou
Yon basen lanmou
III
Yo di depi kèk ane Nwèl la chanje
Yo di pa gen kado Nwèl anba zòrye
Men wi, Nwèl an Ayiti, se lepase
Gade, gade, gade
Nwèl pase
San nou pa menm fete
Blad ak popetwal
Fannal ak pidetwal
Sòti nan nòmal
Refren II
Ala Nwèl san gou o
Nwèl la se tankou
Yon fannal labou
Ala Nwèl san gou o
Nwèl la se tankou
Yon fannal labou
IV
Yo di, Tonton Nwèl ale nan tout peyi
Yo di, lè Tonton Nwèl rive, latè beni
Men wi, n espere pa bliye Ayiti
Gade, gade, gade
Timoun kou granmoun
Tounen pwatann
Abdenwèl ak limyè
Reveyon douvanjou
Pèdi sans pou nou
Refren II
Ala Nwèl san gou o
Nwèl la se tankou
Yon fannal labou
Ala Nwèl san gou o
Nwèl la se tankou
Yon fannal labou
Ala Nwèl san gou o
N gen espwa toujou
Tonton Nwèl nan wout
NWÈL ANE SA A!
NWÈL ANE SA A!
(Jhonny)
Nwèl ane sa a, se pwenn fè pa
Nwèl lakrimojèn, Nwèl bisuit leta
Nwèl katchapika, Nwèl toupatou se aba
Nwèl beton cho, Nwèl sereng nan bra
Nwèl ane sa a, se mare senti
Nwèl pòch koule, Nwèl tout moun sou manti
Nwèl zam fann fwa nan men timoun piti
Nwèl tèt trese, Nwèl etidyan pran lari
Nwèl ane sa a, se Nwèl san koule
Nwèl divizyon, Nwèl tout moun pale
Nwèl boul malatchong, Nwèl kè rete
Nwèl depatcha, Nwèl tansyon monte
Nwèl ane sa a, se Nwèl tout moun pran rèz
Nwèl lanfè, kit ou pòv kit ou alèz
Nwèl menm mouton pa pè kase fe* laperèz
Nwèl bri kouri, nouvèl gaye, Nwèl landjèz
Nwèl ane sa a, se Nwèl lapenn
Nwèl dlo nan je, Nwèl kase chenn
Nwèl bouch mare, Nwèl tout moun ap plenn
Nwèl devenn, Nwèl lanmou nan chenn
Nwèl ane sa a, se Nwèl pou 2004
Nwèl nèg nwè, Nwèl milat
Nwèl entèlektyèl, Nwèl kokorat
Nwèl pou tout moun, kat la dwe rebat
Nwèl ane sa a, se Nwèl …adye wi!
YON JADEN LAVI
YON JADEN LAVI
Imajine w ta ap mache pou kont ou
Nan yon jaden woz
Kote w wè tout kalite bèl flè
Yon bèl dlo k ap wouze yo,
Awomat flè sa yo
Ba w yon anvi pou mache
Pi fon nan jaden sa a
Chan zwazo yo…
Anfen, tout yon kosmòs lanmou,
Yon paradi
Epi toudenkou w vin panse a yon moun
Ke w ta renmen wè la
Pou pale ak li,
Di l tout bagay,
Yon pakèt, yon dal bagay
Ki kache andedan fon kè,
Yon pil bagay ou ka imajine…
(E. W. VEDRINE)
Men l anlè a l ap vini (pyès 3)
«Kouman w santi kounyeya? Mwen pa panse Sentanj janm fè yon bèl travay konsa
pou fè kè w kontan. Ou pa menm remèsye nou. Ala bouzen engra!», Matyo di sa
ak yon vwa byen fò.
Lòt ganstè yo byen rilaks. Yo ouvè frijidè a; yo pran tout byè Heineken yo
epi yo kòmanse bwè, fimen devan viktim nan. Kalo, yon lòt manm gang lan,
kontinye ap moke fi a:
«Nou fè fèt isi a souvan. Nou rich. Pa gen dout nou te pami elit ki t ap
esplwate pèp la».
Matyo gen yon fason espesyal li kominike ak manm gang lan san ouvè bouch li.
Li touse 2 fwa epi l grate bò figi dwat li pandan l t ap gade Kalo. Sa a
menm pwoche imedyatman kote fi a epi l flanke l de sabò. Fi a woule atè a
pandan l t ap krache san. Li kontinye ap moke l:
«Ou se yon bouzen espesyal, ou bay san nan dyòl lè ou gen règ».
Manpzèl te toutouni konplètman, fas anba atè a san l pa di yon mo. Men nan
kè l, li ta prefere lanmò soulechan pou ka koupe soufrans ak imilyasyon an.
Matyo pwoche kote l epi l di:
«Ou panse ou ka kraponnen nou! Nou se nèg entelijan. Kote fout mari w? N ap
chèche salòp sa a lontan paske misye ap eseye destabilize Nouvo Gouvènman
Demokratik la. Li se yon vrè chachèdkont nan peyi a. Lè w ap travay pou
lapè, misye menm vle lagè. Li malentèprete pwovèb laten an: ci vis pacem,
para bellum (si w vle lapè, prepare lagè). Mwen doute misye te gen bèl nòt
pou laten lè l te nan segondè. Lotrejou, nou tande l nan yon radyo vonvon ki
rele Radyo Anrikiyo kote l t ap voye yon mesaj swedizan demokratik monte.
Chèf lapolis la, kolonèl Fanfan, te envite l ansanm ak lòt demokrat pou yon
reyinyon nan Katye Jeneral Lapolis sou Channmas la. Li pa janm met pye. Mwen
pa konn poukisa demokrat sa yo pè parèt an piblik. Sa vle di se pèp la y ap
moke. Nou menm, manm Sanpitye, nou se vrè demokrat. Nou parèt an piblik
kèlkeswa lè a».
Fi a pa t di yon mo. Matyo gade bandi yo epi l di: «Kisa nou vle fè ak li
finalman?»
Kalo touye bout sigarèt la anba pye l epi l di:
«Avozòd, chef!».
Matyo di:
«Ann ba li yon chans; manpzèl pa frekan».
Anbilans lan te gentan retounen; li kanpe menm kote l te ye a. Matyo rale
wòkitòki l epi l di chofè a:
«Ou ka pran yon dezèdtan kanpo, apre sa n ap bezwen w nan zòn Dèlma 28. Ou
tande m?».
«Avozòd, chef!», chofè a reponn.
Gang lan kite kay la ak pòt devan an byen debraye. Yo antre nan venn san
plak la epi yo plonje pou Dèlma 28 pou al dèyè yon lòt moun ki sou lis nwa
a. Fi a leve atè epi l al fèmen pòt la. Li retounen nan chanmakouche a pou
al chèche lòt rad pou met sou li. Li kòmanse chante chan yo pa vle moun
chante a nan yon vwa byen ba:
Men l anlè a, l ap vini
Men l anlè a, l ap vini
Men l anlè a, l ap vini
Men l anlè a, l ap vini
Li kite kay la imedyatman pou al kache, ak espwa l a rankontre Sentanj yon
jou pou yo kontinye lit la.
(fen)
Men l anlè a l ap vini (pyès 2)
Chans pou Sentanj, li te apèn kite lakay li lè Sanpitye yo rive. Tout vwazen
yo te ka tande awotvwa vwa yo ki t ap mande pou Sentanj Delivrans.
«Sentanj! Sentanj! Kote w fout ye? Fout ouvè pòt la! Annavan gason vanyan!»
Pesonn pa t reponn. Yo kontinye ap frape nan pòt la jiskaske papa Sentanj,
Dyenou, te vin ouvè l. Sentanj t ap retounen lakay li ap fimen yon siga lè
youn nan vwazen yo te pale ak li an siy pou di l Sanpitye yo nan zòn lan ap
chèche l. Rapidman, li chata kò l epi li al kache anba machin vwazen an pou
kèk minit anvan l te kite zòn nan pou l te al kache yon lòt kote ki gen plis
sekirite.
Kalvè l te kòmanse depi menm jou a. Gang lan te nan kay la toujou ap pale ak
papa l, poze l kesyon sou pitit li a.
«Kote fout pitit ou a? Se pa jodiya n ap chèche lwijanboje sa a k ap eseye
destabilize Nouvo Gouvènman Demokratik la», youn ladan yo di.
«Mwen pa wè l depi 2 jou», Dyenou reponn nan yon vwa k ap tranble.
Gang nan kontinye poze kesyon konsènan patisipasyon l nan kanpay
prezidansyèl Tikòk, pandanstan yo pwente yon M-16 sou li. Li reponn tout
kesyon yo poze l yo men, mesye yo panse se manti l t ap fè epi yo kòmanse
vide baton sou li. Apre sa, yo tounen ak menm kesyon an:
«Kote fout pitit ou a? Fout di nou, tenten!» pandan yo t ap choute dèyè l ak
kout bòt plen san. Youn ladan yo kase tèt li ak yon kokomakak. Dyenou pa t
ka pale ankò. San t ap koule sou tout chemiz blan li an epi finalman, li di:
«kouman m fè fout konnen!». Repons sa a te yon gout lwil sou flanm. Youn nan
manm gang lan finalman tire l pou fini ak sa. Te gentan gen yon anbilans ki
te rete twa blòk konsa. Chèf gang lan rale wòkitòki l nan senti l epi rele
chofè anbilans lan pou vin pran kadav la ki te benyen ak san. Yo pase
twazèdtan nan kay la, pa sèlman pou chèche lajan ak bijou men tou, pou tyeke
dokiman ki apateni a Sentanj, dokiman ki ta ka gen sekrè sou òganizasyon
radikal ki rele «Reveyenou» an. Pandan yo t ap fouye yon mal ki tou pre yon
kabann, se konsa madan Sentanj te anba kabann lan epi youn nan ganstè yo
pile l.
«Tonnè! Yon moun anba kabann nan!»
Lòt manm gang lan ki te nan salon an travèse nan premye chanmakouche a kote
yo tande vwa youn nan konpayèl yo.
«Se madanm li ki kache la a», youn nan yo di.
Matyo, chèf la, rale yon kòd nan pòch li epi l mare de bra fi a dèyè do l
pandan yon lòt mare je l ak yon mouchwa wouj li rale nan pòch dèyè l. Chèf
la rale yon kanif nan pòch dèyè l, li dechire tout rad fi a epi l voye yo
sou yon chèz ki te tou pre a. Yo di l pou pa fè okenn bri dekwa pou yo pa fè
M-16 la pale ak li dirèkteman. Yo tout vyole malerèz la san yo pa itilize
kapòt. Matyo te premye moun an liy. Apre l fin fè kadejak pa l, li mande nèf
lòt mesye yo pou fòme yon liy pou fè kou pa yo. Li te tankou yon sèjan byen
move k ap pase twoup li yo an revi. Apre chak fin fè kou pa yo, Matyo anlve
mouchwa ki te bande je fi a; li gade manpzèl nan de grenn je san rete epi l
kòmanse moke l. Manpzèl tonbe kriye sou planche frèt la pandan san ak bave
Men l anlè a l ap vini (pyès 1)
Men l anlè a l ap vini
(short story in Haitian Creole)
© 1997 by E.W.VEDRINE
Jeneral la pran nan twa wa
Li fè koudeta trant septanm
Pèp la di l konsa: «wa kaka»
Zòt di misye li mèt rete
Pèp la di: «wa gentan konnen»
Vizit nan Zile Gouvènè
Konferans san souf, radotay
Lo-n-i, Lo-e-a, boin!
Pèp la di: «jal, wa kite sòt»
MEN L ANLÈ A, L AP VINI
Se chan sa a moun Ayiti ki swaf demokrasi ta renmen chante apre dènye
koudeta sanglan ki te fèt nan Il Majik la. Yo pa t bezwen relijye pou chante
l apre koudeta a osilontan yo kwè nan espwa. Ti Ayisyen, pandan yo t ap
grandi, te ka tande moun ap chante l:
Men l anlè a, l ap vini
Men l anlè a, l ap vini
Men l anlè a, l ap vini
Men l anlè a, l ap vini
Timoun Il Majik yo pa t gen okenn ide si moun ta ka rive pèdi lavi yo yon
jou jis pou chante kouplè sa a. Chan sa a toujou refere a retou Jezikri kòm
pwofèt, mesi a, ak sovè k ap vin anlve moun ki kwè nan li, sa yo k ap soufri
isiba. Moun relijye toujou chante l ak jès pandan y ap bat men, frape pye
yo, gade syèl la, fè yon souke kò yo pou montre yon sans espwa ak
kontantman.
Moun oprime yo pa t kapab kominike ak lòt nan lari imedyatman apre koudeta a
paske jeneral an chèf lame a, Jeneral Fatra, pè pou yo pa t konplote pou
ranvèse rejim militè li a rapidman si moun ap fòme gwoup nan lari Pòtoprens,
kapital peyi a, ki tou wouj ak san. Nan ka sa a, li te nesesè pou li te gen
kouvrefe chak swa pou kapab efreye popilasyon an otan l kapab.
Paske pèp la pa t ka kominike youn ak lòt pout e esprime santiman yo, yo ta
sèlman chante oubyen fredone kouplè sa a pou voye mesaj opresif yo gen sou
kòf lestomak yo a monte epi, montre «espwa» yo genyen. Espwa sa a ta retou
sou pouvwa pwofèt yo a, prezidan Tikòk, yon moun yo konpare ak Jezikri nan
plizyè aspè. Senbòl pati politik li a se yon kòk poul. Kòk toujou reveye
moun pou di yo li jou. Sepandan, Jeneral Fatra fè anpil moun pèdi lavi yo
jis pou chante chan sa a lè l te reyalize rezon poukisa yo t ap chante l. Lè
yo te reyalize kòman l riske pou chante l, yo ta bat men yo apre, frape pye
yo epi gade syèl la paske yo pa t kapab di mo ki nan chan an. Menm Sentanj,
yon jounalis radikal, ki te trè aktif anvan koudeta a, ta jis gade syèl la
lè moun nan lari mande l pou l ta pibliye kèk atik nan jounal ebdomadè l la,
Ayabonmbe! Pou rapòte tout krim ansanm ak moun lame a t ap pèsekite. Jis
soti nan lari, montre kouman Sentanj te yon nonm ki brav. Non li pa senpman
yon non kreyòl: «Sent» montre ke l se yon sen paske moun toujou di bon bagay
de li. Bèl travay li kòm jounalis, montre ke l pa t yon opòtinis sou okenn
rejim ni tou li pa t ap asepte pozisyon Minis Enfòmasyon sou rejim Jeneral
Fatra a, pi move jeneral nan istwa peyi Ayiti. «Anj» montre ke l se yon
zanj, pa sèlman apre koudeta a, men depi lè Bebi Dòk te sou pouvwa. Li se
yon zanj paske l te toujou pre pou l pale pou pèp ki san vwa a, pèp ki
oprime a epi pou anpil moun, yo wè li tankou yon moun ki vin sove yo pandan
y ap nwaye.
«Sanpitye», youn nan gang lame a kreye, pa gen pitye pou pesonn ki ta gen
ide chante Men l anlè a l ap vini. Jis di yon liy nan kouplè sa a, yo ta
panse ou se manm kèk òganizasyon radikal, sipòtè Tikòk, yon moun ki te vote
l, yon sipòtè pòv, yon moun ki kont lame a, yon ènmi Jeneral Fatra, ènmi
zenglendo oubyen makout yo epi yon moun ki vle chanjman radikal Ayiti.
Gang Sanpitye a te kòmanse chèche Sentanj depi 2 oktòb 1991 jis 2 jou apre
koudeta ki te ranvèse premye prezidan ki te eli demokratikman nan Il Majik
la. Sentanj te sou «lis nwa» lame a imedyatman apre Dinasti Divalye a. Li te
vin manm yon òganizasyon radikal ki t ap fonksyone sekrètman ki rele
«Reveyenou». Objektif prensipal òganizasyon sa a se te pou kenbe pèp oprime
Ki valè tan genyen?
Ki valè tan genyen?
Pou aprann valè yon ane,
mande yon etidyan ki rate yon egzamen.
Pou aprann valè yon mwa,
mande manman yon tibebe ki akouche l avan lè.
Pou aprann valè yon semèn,
mande editè yon jounal ebdomadè.
Pou aprann valè inèdtan,
mande fyanse k ap tann youn lòt pou yo wè ankò.
Pou aprann valè yon minit,
mande yon moun ki rate tren, otobis ou avyon l.
Pou aprann valè yon segonn,
mande yon moun ki pèdi yon lòt nan yon aksidan.
Pou aprann valè yon milyèm segonn,
mande yon atlèt ki gen yon meday ajan nan jwèt olenpik.
Tan pa ret tann pesonn.
Sanble chak moman ou rete epi l ap gen gran valè pou ou.
MEDITASYON
MEDITASYON
Lè m pa pale ak ou
Pa panse m pa panse a ou
M jis ap medite
Si m pa rele w cheri,
Pa panse solèy lanmou m kouche pou ou
Se jis orizon krepiskil solèy sa a ou wè
Nan rèv mwen,
M karese pawòl siwo myèl ou
Ki te koumanse jèmen anndan m
Tankou bèl ti flè peyi k te koumanse
Boujonnen sezon prentan
Pafwa m menm pase pawòl dous ou yo an revi
Pou restore prezans lanmou w nan mwen
M konn fèmen de je m,
Blayi sou do
Epi m ouvè de bra m
Kòmkidire m ap rale w lantman
Pou miyonnen w tout kote k dwòl
Pou m ka tande son matyavèl
Men lè m voup m ouvè yo,
M wè se nan yon rèv je klè m te ye.
Emmanuel W. Vedrine
(Koleksyon: “Koze Lanmou II”)
Barack Obama’s acceptance speech
Barack Obama’s Democratic candidate acceptance speech in H.Creole in Kreyol
http://www.potomitan.info/vedrine/obama.php
Pwovèb
Piti piti souazo fè nich .....Litle by litle the bird makes its nest.
Pi bòn è sé gran matin.....The best time is early in the morning.
Anbisyon touyé rat....Greediness killed the rat.
Lakay kanmarad pa lan maché....Your friend`s house is not the market.
Edé tèt ou pou Bon Dié kapab edé ou......God help those who help
themselves.
Nèg di san fè. Bon Dié fè san di....Man says without doing it, God does
without saying it.
Kouri pou lapli, tonbè nan lariviè....Run away from the rain, and then
fall into the river.
Chin gin kat pat. sé yon sèl chémin li fè.....The dog has four legs but
he walks on one path.
Nan pouin lanmilét zan zé pa kasé.....You don`t have scrambled egss
without breaking some eggs.
Pouason gin konfians nan dlo, é sé dlo ki kouit li.....The fish trust
the water, and it is in it that he gets cooked.
Kan poul boué dlo, li pa blié Bon Dié....When the hen drinks water, it
does not forgets the Lord.
Nan tan grangou, patat pa gin po.......In times of a famine, the potatoe
doesn´t have skin.
Sé lè ou pasé maladi, ou konn rémèd.....When the illness is over, you
find out the cure.
Lè choul la fi-n pasé ou rélé fèmin bayé....Once the horse runs away,
you scream to have the gate closed.
Lè ou kraché an lè, li tonbé sou nin ou.....When you spit up, it falls
on your face.
Apré dans, tanbou toujou lou....After the dance the drum is always
heavy.
Anvan ou monté boua, gadé si ou kapab désann li.......Before you climb a
tree, see if you can climb down from it
Chak chaplè gin koua li....Each rosary has its cross.
Dan pouri gin fòs sou banann mi.....Rotten teeth has strength over ripe
Pale franse
Pale franse pa di lespri pou sa.
Pwovèb
kreyol pale kreyol konpran': Creole is spoken,creole is understood
Deyè mon gen mon: There are problems after problems
Baton
Baton ki bat chen nwa se li ki bat chen blan
Byenvini / Welcome!!
Welcome to Fowem Kreyol LeCorde!
This is a forum for discussion of subjects related to Kreyol (Haitian Creole) and Haitian culture.  Please register and share your experiences of Haiti and memories of Haiti and ask your questions about Kreyol grammar and vocabulary.